
Koup Afrik dè Nasyon (KAN), ki te lanse an 1957, ap kontinye make listwa kòm pi gwo konpetisyon foutbòl sou kontinan Afriken an. Chak de ane, pi bon ekip Afrik yo reyini pou fè pasyon foutbòl la vibre. KAN 2025 la, k ap dewoule nan sezon ivè a, se 35yèm edisyon tounwa a. Se Mawòk, pou yon dezyèm fwa nan listwa li, k ap òganize konpetisyon sa a apre premye eksperyans li nan lane 1988.
Apre plizyè match chaje ak sispens, malgre anpil plent sou nivo abitraj la, konpetisyon an rive nan faz « dènye kare » a, kote kat ekip sa yo pral kontinye batay la:
Ejip, ekip ki gen plis tit nan istwa KAN an ak 7 twòfe (dènye a se an 2010), pral afwonte Senegal ki gen yon sèl tit (2021). Yon lòt bò, Nijerya (3 tit, dènye a an 2013) pral jwe fas ak peyi òganizatè a, Mawòk, ki gen yon sèl tit (1976) epi k ap eseye fè diferans lan lakay li.
Konfederasyon Afriken Foutbòl la (KAF) ap dirije pa Patrice Motsepe, yon biznismann ak dirijan foutbòl ki soti Afrik di Sid. Selon jan evènman an ap dewoule ak imaj k ap pwojete yo, li klè ke KAF la gen anpil travay pou l fè toujou pou rann konpetisyon sa a jwenn plis konfyans ak kredibilite nan je tout aktè yo.
Konpetisyon sila a toujou leve anpil kesyon, sitou sou kapasite abit yo ki souvan parèt pa nivo pou dirije gwo match sa yo. Men, malgre tout defi sa yo, Koup Afrik dè Nasyon rete pi gwo evènman espòtif sou kontinan Afriken an.
Bykenley Dérosemé – Radyo Bon Zanmi

